“Chanjman paradigm”, yon etap esansyèl pou sosyete ki deside pran wout chanjman nan yon kad evolitif.

Ekspresyon “chanjman paradigm” lan, ke nou ka abòde tankou yon sèl konsèp, se yon transfòmasyon kiltirèl, yon nouvo fason pou nou wè mond lan, yon koupe fache avèk abitid, nan kreye yon lòt relasyon avèk lakilti an jeneral. Nan lòt tèm, nou ta ka di se rive konprann ke pwoblèm yo pa enposib pou rezoud, men se zouti ke nap itilize a ki merite chanje.

Chak jou ki pase, pwoblèm sosyetal ak egzistansèl yo ap vin pi konplèks, men nou souvan santi nou konfòtab pou nou toujou ap abòde pwoblèm yo nan menm fason, ak menm zouti, menm mwayen dapwòch ke zansèt nou yo ak  paran nou yo te kite pou nou, tankou se yon eritaj sakre ki pa dwe sijè a chanjman. Sa fè ke nou pa sispann redi, echwe ak bade nan menm sitiyasyon yo. Se pa ke entèlijans fè nou defo, ni se pa paske nou modi, paske kou nou tonbe nan yon sosyete ki adopte yon lòt apwòch, donk yon lòt paradigm, nou pèfòman. Si se te yon pwoblèm entèlijans, li ta sipoze inivèsèl, donk pa ta dwe depann de ni sosyete, ni espas. Men okontrè! Nou briye.

Paradigm pa yon kwayans, ni li pa yon panse nan limenm, se yon moul, yon kad lojik, sibjektif se vre, men nesesè nan pwodiksyon panse ak refleksyon. Kidonk chanje paradigm se pa ranplase yon lide pa yon lòt, tankou nou pa sispann fè depi lontan, men se pito chanje zouti panse a menm, sa ki ka pèmèt lide nouvo, ki adapte ak defi yo emèje. Se tankou ranplase yon chwal pa yon otomobil, olye nou chanje chwal chak youn mouri.

Chanje paradigm se pa yon egzèsis fasil, okenn sosyete pa rive fè sa nan inanimite. Pi gwo obstak a egzèsis sa a se eritaj yo. Lè nou  pale de eritaj, nou vle pale de lakilti, edikasyon nou, eksperyans pase nou, san konte ituisyon nou, ki limenm kondisyone ak anviwonman nou, ak tout limit sans nou yo enpoze nou nan fè nou kwè ke sa nou pèsevwa a se sa, san fè yon jefò entèlektyèl pou nou rasire nou ke se verite. Tout eleman ke nou sot site la yo kreye yon sistèm ke nou batize rezonman, ki kreye yon kad panse, donk yon paradigm tou natirèl pou èt nou evolye. Gwo pwoblèm nan sa, se ke anpil fwa solisyon ke zouti sa a pèmèt nou kreye pou nou abòde pwoblèm yo pa konpatib ak yon rezolisyon reyèl. La a nou ka di ke zouti a nan limenm se yon andikap paske li favorize twòp pèt nan randman konpare ak kantite jefò ke nou ap founi, e tan ak rezilta yo montre tout bagay.

Einstein te di: “ fè menm bagay la plizyè fwa, nan menm kondisyon yo epi ret tann yon rezilta diferan, se definisyon foli”. Sitasyon sa a se egzakteman yon preskripsyon ki tou lye yon konsekans lojik ak lide chanje moun plas, pèsevere nan kontinye reflechi ak menm zouti, ak menm kad ki pwodui refleksyon yo epi rete espere yon demen miyò, se lave men siye l atè;  donk nou bezwen chanje paradigm.

Egzèsis sa a mande:

  1. Kesyone tèt nou, e kreye non lòt kad lojik
  2. Remete an dout reflèks nou, ki souvan kondisyone pa listwa nou ak veki nou.
  3. Konprann ensètitid yo et nonprann konpleksite chak fenomèn, pa pran anyen lejè.
  4. Aprann panse kont sa ituisyon nou di nou, Tankou Bachelard di a, fòk nou aprann panse kont sèvo nou.

Pou fini, chanjman paradigm pou yon sosyete se pa yon pèt. Dakò sevre w de  yon liy tradisyon 200 lane se pa yon ti bagay piti, men li nesesè pou poze fondasyon 200 meyè lane kap suiv pou lòt jenerasyon kap vini yo. Premye pa a pa fasil, se sak fè nan tout sosyte ki fèl se yon ti gwoup ki tanmen l, sa yo rele elit la. Li lè li tan pou nouvo elit la emèje e fè santi l, pou yon demen pi bon.

                                                                                                              Amos DUVERT

Laisser un commentaire